Actualités

Nòt pou kominote UPNCH la

Nòt pou kominote UPNCH la

07-05-2026

Biwo Kòdonatè aktivite nan Rektora UPNCH la, ap anonse tout kominote inivèsite a, espesyalman etidyan ak pwofesè yo, se UPNCH ki seleksyone pou akeyi konpetisyon (Konkou elokans, chanpyona foutbal…) k ap òganize ant UPD yo pou blok gran Nò a. Blok gran Nò a genyen 6 inivèsite e blok gran Sid la genyen 4. UPNCH ap akeyi blòk gran Nò soti 8 pou rive 9 me. Seremoni lansman ap òganize, demen vandredi 8 me 2026 la, 9h nan maten, sou kanmpis UPNCH la.

Konkou elokans lan ap òganize vandredi k ap 8 me 2026 e chanpyona foutbal la, ap òganize nan dat 8 ak 9 me 2026 la. Konpetisyon sa yo ap mete fas ak fas 6 inivèsite sa yo : UPNCH, UPAG, UPBAS, UPNEF, UPNOPP, UPC.
Chanpyon nan konpetisyon sa, pral gen pou fè gran final ak chanpyon nan blok gran sid la, jou k ap 30 jiyè 2026 la, jou selebrasyon 20 ane egzistans rezo UPD yo.

UPNCH deja pare pou resevwa 6 ekip sa yo. Li envite tout kominote inivèsite a, vin sipòte ekip yo nan tout kategori.

Biwo Kòdonatè aktive nan Rektora konte sou kolaborasyon ak patisipasyon tout kominote a, pou aktivite yo dewoule trè byen.

Okap Ayisyen, 7 me 2026.
Louismann Denis
Kòdonatè aktivite nan Rektora UPNCH

← Toutes les actualités